top of page

îles Turques-et-Caïques

Inite Etablisman Enfòmèl

Inite etablisman Enfòmèl yo nan Zile Turks Ak Caicos yo, se yon òganizasyon gouvènmantal ki angaje pou jwenn solisyon defi etablisman enfòmèl yo poze a Zile Turks AK Caicos yo.

Ki sa ki yon Etablisman Enfòmèl?

Yon etablisman enfòmèl se yon katye ki genyen plizyè kay ki konstri ilegal. Kay sa, yo  konstri san kontwòl depatman Planifikasyon; akoz de sa, yo sanble avèk konstriksyon medyòk e yo pa gen yon seri de sèvis elemantè tankou dlo pòtab, kouran, rout, tou kanivo pou si ta gen tapèt dlo ak sèvis sanitè. Katye sa, yo reprezante yon gro menas ak risk a, moun kap viv nan yo, a kominote a, lòt zòn ki pre katye sa, yo. 

 

Solisyon Kominotè

Inite Etablisman Enfòmèl yo ap konsantre yo pou bati kominote ki an sekirite, ki pi dirab nan zile Turks AK Caicos yo. Akoz de sa, n’ap abòde tout problèm etablisman enfòmèl yo lakòz epi nap gade problèm nan jis nan rasin li, yon fason pou nou evite etablisman enfòmèl kontinye nan peyi a pandan ekonomi a, ap grandi.

TCI Homes-0275.jpg

Objektif Nou

Pou bati katye ki pi an sekirite, ki pi dirab nan zile Turks Ak Ciacos.

DSC_0396 copy.jpg

Kisa Etablisman Enfòmèl yo ye?

Me repons ki pi kout la: Etablisman enfòmèl se katye ki genyen anpil kay ki konstri ilegal, men nou dwe pwofite di ke reyalite a li pi kompleks ke ti repons sa.

Nasyonzini define Program etablisman enfòmèl la nan yon program ki rele “Program Etablisman Enfòmèl Nasyonzini 2020 (ONU-Habitat) kòm yon zòn rezidansyèl kote:

  • Abitan kap viv nan katye sa, yo pa genyen okenn respè anvè tè, yo dechouke tè leta et menm konstri kay enfòmèl pou lwe tou.

  • Plisouvan, Katye sa, yo pa genyen sèvis fondamantal yo avek enfwastrikti.

  • Petèt kay la ka pa konstri selon kòd lalwa konstriksyon depatman planifikasyon et plisouvan se toujou nan zòn ki reprezante danje jewografik ou anvrònman.

Pwoblèm ki parèt aklè yo, ak etablisman enfòmèl yo, se pwopriyetè tè kote yo bati a, entegrite konstriksyon yo te bati yo, ak potansyalite ki genyen pou genyen anpil  problèm sante ak lòt pwoblèm sekirite. Pwoblèm nou pa ka wè yo se kantite enpak katye sa, yo ap koz sou kominote ki antoure yo, enpak sou anviwònman an ak efè yo genyen sou ekonomi peyi (PDB) a.

Yon lòt kote, katye enfòmèl yo, koz anpil problèm sosyal ak imanitè akoz moun kap viv nan katye sa, yo anpil fwa pa gen mwayen pou peye kay lòt kote.

Ti lis anba a, se yon ti lis ki genyen kèk nan pwoblèm ke kay enfòmèl yo poze nan Zile Turks ak Caicos yo:

  • Danje dife

  • Sèvis de baz yo limite

  • Sèvis de sanitasyon limite

  • Movèz kondisyon de vi ki koz maladi

  • Adrès ki pa anrejistre ak moun kap viv ilegal

  • Okipasyon ilegal de tè leta oubyen tè prive

Tout Moun Dwe Patisipe

Ede nou pou nou ka ede katye yo nan Zile Turks Ak Caicos yo.

Si ou konnen yon etablisman enfòmèl, souple ranpli fòm sa ki nan lyen anba a, moun pap konnen ki moun ki te ranpli li.

Si ou enterese ede nou nan nenpòt fason, ou lib pou kontakte nou nan kontak ki anba nan dènye paj la

Ansanm Ansanm nou ka bati katye ki pi an sekirite, ki pi dirab nan Zile Turks Ak Caicos yo.

bottom of page